Jwenn yon Ponp Chofaj Atravè EmPower+? Pwogram Sa a Ka Ede Ak Bòdwo Kouran

Si ou jwenn yon ponp chofaj atravè EmPower+, ka gen èd siplemantè ak bòdwo kouran w.

Pwojè Pilòt Garanti Abòdablite Enèji (Kouran) nan Nouyòk se pou kèk fwaye ki gen revni fèb ki bay kay yo kouran atravè EmPower+. Pwogram nan fèt pou ede patisipan yo peye pa plis pase 6% nan revni nan kay la pou elektrisite. Si pri elektrisite a monte pi wo pase nivo sa a, èd la vini sou fòm yon kredi sou bòdwo a.

Pwogram sa a se pa pou tout moun. Li se pou fwaye ki gen 1 a 4 fanmi ki pase nan EmPower+ epi chanje chofaj kay ak dlo cho pou sistèm ponp chofaj. EmPower+ se pou pwopriyetè kay ak lokatè ki kalifye pou revni, epi kèk fwaye ka kalifye si revni yo pi ba pase limit aktyèl yo oswa si yo deja patisipe nan yon pwogram asistans pou peman sèvis piblik (dlo, gaz ak kouran).

Premye faz pwojè pilòt la gen yon objektif pou 1,000 fwaye. Otorite leta yo te pwolonje enskripsyon an jiska kòmansman 2027, sof si yo atenn objektif sa a an premye. NYSERDA refere kay yo pou yo aplike pou pwojè pilòt la apre yo fin konplete yon pwojè EmPower+ ki kalifye.

Èske w bezwen èd pou w konprann ki èd ki ka disponib?

Rete fre pandan tout ete ak Bronx-Brooklyn Energy Hub (Sant Enèji nan Bronx-Brooklyn). Nou ka ede w aprann sou pwogram ki ka diminye depans kouran epi fè kay ou a pi konfòtab.