Si w santi l fè twò cho lakay ou a, yon sant rafrechisman nan Vil Nouyòk ka ede.
Sant rafrechisman yo se kote ki gen èkondisyone kote moun ka jwenn soulajman pandan tan li fè cho anpil anpil. Yo ka louvri nan kote tankou bibliyotèk, sant kominotè, sant pou granmoun aje, ak nan kèk espas NYCHA. Ou ka jwenn kote ki ouvè yo nan Cool Option Map (Kat Opsyon pou Rafrechi) lan oswa lè w rele 311.
Eseye pase tan nan yon kote ki gen èkondisyone lè tanperati a vin trè wo. Sa enpòtan sitou pou granmoun ki pi aje yo, ti bebe ak timoun piti, ak moun ki gen pwoblèm sante tankou maladi kè oswa dyabèt. Depatman Sante Vil Nouyòk endike ke yon endis chalè ki pi wo pase 95°F patikilyèman danjere.
Maladi chalè ka grav. Sèvis Jesyon Ijans Vil Nouyòk di ou dwe rele 911 touswit si yon moun gen siy koud chalè, tankou yon tanperati kòporèl ki wo anpil, konfizyon, vètij, oswa pèt konesans.
Bezwen èd rete fre ete sa a?
Bronx-Brooklyn Energy Hub (Sant Enèji Bronx-Brooklyn) ka ede w aprann sou pwogram ki ka diminye pri kouran epi fè kay ou pi konfòtab. Konekte isit la.
