Bezwen Èd pou Rete Fre nan Vil Nouyòk? Eseye 5 Konsèy sa yo ki pa koute chè:

Tan cho nan Vil Nouyòk ka rann kay ou difisil pou viv ladan l. Bon nouvèl la se ke ti etap yo ka ede w rete pi fre epi diminye konsomasyon enèji ou.

Men 5 fason ki pa koute chè pou rete fre pandan ete sa a:

1. Bloke solèy la.

Fèmen pèsyèn oswa rido nan fenèt ki resevwa gwo solèy nan maten oswa apremidi. Sa ka ede kenbe chanm yo pi fre.

2. Louvri fenèt yo nan bon moman.

Kenbe fenèt yo fèmen pandan moman ki gen plis chalè nan jounen an. Louvri yo nan lannwit sèlman si lè deyò a pi fre pase lè anndan an.

3. Byen sèvi ak vantilatè yo.

Vantilatè yo ka ede deplase lè a epi fè yon chanm santi l pi konfòtab. Nan lannwit, yon vantilatè tou pre yon fenèt ki louvri ka ede pouse lè cho a soti pou lè ki pi fre ka antre pase nan yon lòt fenèt.

4. Sèvi ak èkondisyone w sèlman kote ou plis bezwen li.

Fèmen pòt nan chanm ou pa itilize yo, pou ou pa gaspiye lè fre.

5. Netwaye filtè Èkondisyone w lan.

Yon filtè pwòp ka ede Èkondisyone w lan travay pi byen. Tcheke li souvan pandan ete a.

Bezwen èd rete fre ete sa a?

Bronx-Brooklyn Energy Hub (Sant Enèji Bronx-Brooklyn) ka ede w aprann sou pwogram ki ka diminye pri enèji epi fè kay ou pi konfòtab. Konekte isit la.