Lè tanperati a monte nan Vil Nouyòk, kay ou a ka vin enkonfòtab byen vit. Bon nouvèl la? Gen kèk chanjman senp ki ka ede w rete pi fre epi kenbe bòdwo kouran w yo sou kontwòl.
Men 6 fason ki pa koute chè pou rete fre pandan ete sa a:
1. Evite sèvi ak fou nan jou ki fè anpil chalè.
Eseye manje tankou salad oswa sandwich chak fwa w kapab. Sa a ede kenbe chalè anplis lan soti nan kay ou.
2. Fè gwo aparèy yo mache pita nan jounen an.
Eseye sèvi ak machin pou lave a, seche rad, oswa machin pou lave asyèt la nan mitan lannwit, lè li ka pi fre.
3. Mete rad lejè, ki pèmèt po a respire.
Koton ak lòt twal lejè ka ede w rete pi konfòtab.
4. Rafrechi kò w.
Eseye yon beny fre, yon douch fre, oubyen mete yon twal fre sou ponyèt ou, tèt ou ak kou w. Men, fè atansyon pou sentòm koud chalè epi jwenn èd medikal si w toujou santi w cho.
5. Tcheke moun ki ka bezwen èd.
Granmoun aje, moun ki gen pwoblèm sante, ak timoun piti ka gen pi gwo risk pandan tan kote lè l fè cho anpil anpil. Tcheke moun pwòch ou yo ak vwazen yo.
6. Kenbe bèt kay yo fre tou.
Asire w ke bèt kay yo gen dlo fre ak lonbraj. Eseye kenbe yo lwen twotwa cho yo.
Bezwen èd rete fre ete sa a?
Bronx-Brooklyn Energy Hub (Sant Enèji Bronx-Brooklyn) ka ede w aprann sou pwogram ki ka diminye pri enèji epi fè kay ou pi konfòtab. Konekte isit la.
