Si l vin twò cho lakay ou pandan ete a, yon ponp chalè ka ede w rete pi konfòtab. Ponp chalè yo ka refwadi kay ou a an ete epi chofe li nan sezon ivè a (fredi an). Rabè, finansman, ak kredi taks nan Eta Nouyòk ka ede diminye depans yo.
Pwogram Chofaj Pwòp Eta Nouyòk ede kèk rezidan vil Nouyòk diminye pri enstalasyon ponp chalè yo.
Pou kliyan ConEd yo, gen kèk pwopriyetè kay ki ka kalifye pou rabè davans atravè pwogram Clean Heat (Chofaj Pwòp) Eta Nouyòk. Pou kèk kay inifmilyal, rabè aktyèl yo ka varye ant $ 2,500 a $ 10,000, tou depann de pwojè a ak si kay la nan yon kominote defavorize. Rabè ConEd yo ka pi wo lè yo retire oswa etenn yon ansyen sistèm chofaj.
Pwogram Chofaj Pwòp Eta Nouyòk la pi byen adapte pou moun k ap chèche yon amelyorasyon kay alontèm, pa sèlman yon soulajman rapid pandan yon semèn chalè. Li ka yon bon chwa si ou vle fè kay ou a pi konfòtab pandan tout ane a.
Pou kòmanse, ou bezwen travay ak yon kontraktè k ap patisipe. Kontraktè a ka eksplike pwojè a, estime rabè a, epi aplike li nan bòdwo final ou a, konsa ou pa oblije tann pou yon chèk rabè.
Bezwen èd pou kalkile opsyon ou yo?
Rete fre pandan tout ete ak Bronx-Brooklyn Energy Hub (Sant Enèji nan Bronx-Brooklyn). Nou ka ede w aprann ki èd ki ka disponib epi konekte w ak pwogram ki ka fè kay ou an pi konfòtab.
